30/04/2026
Fenomèn Ariana😏
ÉDITORIAL | Fenomèn Ariana : ant rezilyans, enfliyans ak opòtinite pou Ayiti
Pa Markenley Cherilus
Ayiti ap travèse youn nan pi gwo kriz nan listwa li. Yon kriz miltidimansyonèl ki kontinye agrave sitiyasyon ekonomik anpil fanmi, espesyalman nan yon kontèks kote ensekirite alimantè ap ogmante chak jou.
Nan reyalite sa a, anpil jèn, ki pa jwenn altènativ konkrè, ap vire sou mond dijital la. Rezo sosyal yo vin tounen yon espas pou eksprime tèt yo, men tou yon mwayen pou jenere revni. Si gen kèk ki fè move itilizasyon li, genyen lòt ki rive sèvi avè l pou enfliyanse nan yon sans pozitif.
Se nan dinamik sa a nou jwenn Ariana, yon jèn kreyatris kontni ki vin tounen yon figi enpòtan sou rezo sosyal yo. A sèlman 19 lane, etidyan nan diplomasi ak relasyon entènasyonal, li te patisipe nan konkou House of Challenge, ki te òganize pa ak Jojo le Comédien sou kontinan afriken an. Li rive ranpòte konkou a kòm chanpyòn nan 8yèm edisyon an.
Pi lwen pase viktwa pèsonèl li, siksè sa a kontribye pou bay yon lòt imaj Ayiti sou sèn entènasyonal la. Lè òganizatè yo te vizite peyi a, yo dekouvri yon lòt fas Ayiti, yon reyalite medya entènasyonal yo pa toujou mete an avan. Se petèt nan menm lespri sa a yo anonse 9yèm edisyon an ap fèt an Ayiti.
Jodi a, fenomèn Ariana depase kad senp rezo sosyal. Li vin tounen yon senbòl rezistans ak rezilyans. Nan yon jenerasyon Z ki souvan kritike pou fason li itilize rezo sosyal yo, Ariana rive kreye yon pon ant mond dijital la — kote li rasanble plizyè milyon abòne — ak mond reyèl la, kote li mobilize anpil moun nan divès vil atravè peyi a.
Sa montre klèman ke rezo sosyal yo pa sèlman zouti distraksyon, men yo kapab sèvi kòm levye pou edikasyon, kominikasyon ak transfòmasyon sosyal. Sitiyasyon sa a ta dwe pouse otorite yo reflechi seryezman sou plas mond dijital la nan devlopman peyi a.
Nan sans sa a, Leta ayisyen ta dwe pwofite dinamik sa a pou akonpaye jèn tankou Ariana, nan lide pou lanse kanpay ki kapab amelyore imaj Ayiti sou plan entènasyonal — yon peyi ki pa sèlman make pa kriz, men ki gen gwo potansyèl touris, kiltirèl ak imen.
Avèk òganizasyon 9yèm edisyon konkou a ki prevwa fèt an Ayiti, peyi a ka resevwa patisipan ki soti nan plizyè lòt peyi. Sa reprezante yon opòtinite enpòtan sou plan touris, kiltirèl ak medyatik.
Fenomèn Ariana pa yon senp tandans. Li se yon siy. Rès la depann de kapasite Leta pou rekonèt valè li, akonpaye li, epi itilize li kòm yon zouti pou fè pwomosyon Ayiti sou sèn entènasyonal la.
CGN – Cherilus Global News